Isit la se rasin.
Isit la se fòs.
Isit la se verite

Lakou Manman Dantò se kè batay pèp la, se sous kouraj ki pa janm seche. Se la vwa yo leve, se la lespri yo reyini, se la tradisyon pran lavi ankò.

Anba pwoteksyon Manman Dantò, nou kanpe dwat, nou pa pè, nou mache ak diyite.
Chak pawòl ki soti isit pote limyè, chak son pote mesaj, chak moman pote espwa.

Sa se pa jis yon lakou… se yon pouvwa. 🔥📻
img 8525

PDG
RADIO
MANMAN DANTOR

Nou rann omaj ak respè bay JAMES WILLIAMS, pitit vil Gonayiv, yon gason detèmine ak kouraj, ki pote vizyon ak limyè pou kominote a. Se li menm ki leve Lakou Manman Dantò, yon espas ki chaje ak fòs, lespri, ak tradisyon Ak respe pou lwa yo.Sou non vanyan li, METKALFOU JANBE MALÈ, li make prezans li kòm yon gadyen chimen, yon moun ki kanpe fèm pou pwoteje, gide, epi louvri pòt pou lòt yo avanse. Travay li se pa sèlman bati yon radyo, men limen yon dife espwa nan kè pèp la.Radyo Manman Dantò se rezilta pasyon li, sakrifis li, ak lanmou li pou kilti ak rasin li. Jodi a, vwa sa a kontinye sonnen byen fò, pote mesaj inite, fòs, ak konsyans.Nou salye ou, nou onore ou, e nou di ou mèsi pou eritaj ou ap konstwi a.

img 8525

KONESANS VOUDOU AYITI SE YON ESPAS FOMANSYON KI KONEKTE 'W AK TRADISYON 'W PLIS BITASYON'W. FOMASYON SA LI FET ANLINN (ONLINE) TOUT MOUN KA PATISIPE MENM SIW NAN DENYE PWENT LATE. AK SEVITE (MET KALFOU JANBE MALE) AP MENNEN NOU NAN PELERINAJ SA A...

ENSKRI ISI A